

Ayiti : Pèspektiv Ekonomik 2025
Malgre redrèsman ekonomi mondyal la dipi COVID, Ayiti kontinye yon wout trè diferan ak trè kawotik. Dapre Dènye Pèspektiv Ekonomik Mondyal Fon Monetè Entènasyonal (FMI), ekonomi Ayisyen an gen pou kontrakte 1% an 2025. Kontraksyon sa reprezante yon pèfòmans negatif ki make setyèm ane konsekitif bès ekonomik – yon bès pwolonje san parèy nan Emisfè Lwès la.
Kontraksyon kontinyèl sa a mete Ayiti nan yon gwo kontras ak ekonomi mondyal la, ki dwe ogmante 2,8% daprè dènye rapò FMI. Kanta pou Rejyon Amerik Latin ak Karayib la, Fon an prevwa yon kwasans ki dwe ralanti avèk yon to 2% – men nan teritwa pozitif.
Yon lòt kote, ekonomi peyi Afriken sib-saharyen yo, an mwayèn, dwe ogmante 3,8% an 2025 – li menm tou, li nan teritwa pozitif. Tandans peyi nan rejyon sa yo konpare ak tandans lakay montre nan ki pwen Ayiti ap fè bak pa rapò ak rès mond lan.
Pèfòmans ekonomik Ayiti a pa sèlman fèb nan tèm absoli, men tou eksepsyonèlman ba parapò ak tokay rejyonal li yo. Karayib la, ki li menm tou vilnerab fas ak chòk ekstèn ak klimatik, te montre plis rezistans gras a lyen komès divèsifye ak retablisman sektè touris la. Kontrèman, kriz sekirite san parèy, enstitisyon frajil, ak vilnerabilite striktirèl ak komèsyal kenbe Ayiti nan yon izolman ki bloke tout pwogrè ekonomik.
Fon Monetè Entènasyonal montre yon bès jeneralize nan momantòm ekonomik mondyal la:
- Yo prevwa kwasans mondyal la soti nan 3.3% nan 2024 pou rive nan 2.8% an 2025.
- Ekonomi avanse yo ap ralanti a 1.4% an 2025, soti nan 1.8% an 2024.
- Ekonomi Mache emerjan ak ekonomi an devlopman yo ap ralanti 3.7% an 2025, soti nan 4.3% an 2024.
Ralentissement ekonomik sa yo lajman atribiye a monte tansyon komèsyal, ensètitid sou mache finansye mondyal la nan yon kontèks kote politik tarif yo kreye nouvo risk. Dinamik sa yo ap ajoute friksyon nan komès mondyal la epi diminye flo envestisman. Jan de anviwonman sa yo plis afekte ekonomi frajil tankou Ayiti ki deja nan yon prekarite san parèy.
Pespektiv Ekonomik Mondyal la mete aksan sou nouvo rejim tarif Ameriken an, ki dekri kòm chanjman ki pi pwoteksyonis depi yon syèk, kòm yon sous prensipal nan risk yo.
Pou Ayiti – ki ekspòte anviwon 1 milya dola machandiz nan peyi Etazini, sitou nan sektè tektil la – posibilite pou yon nouvo tarif 10% ajoute plis ensètitid. Nan yon ekonomi ki deja paralize pa vyolans ak pann enfrastrikti, chòk sa a vin mete abse sou klou pandan povrete an Ayiti pa epanye pèsòn.
To kwasans PIB Ayiti (2019 – 2025)
- 2019: -1.69%
- 2020: -3.34%
- 2021: -1.80%
- 2022: -1.68%
- 2023: -1.86%
- 2024: -4.20%
- 2025: -1.00% (Pwojeksyon)
Fon Monetè Entènasyonal sijere peyi yo pou yo fè refòm entèn yo priyorite, ankouraje enklizyon fòs travay la, ak lòt inisyativ. Sepandan, pou Ayiti, objektif sa yo ap rete yon rèv si kòz rasin kriz la – ensekirite, echèk gouvènans, ak esklizyon ekonomik – yo pa adrese an premye.