Gourdes pour 1 dollar EU
130.66 (0.08%)
vnt 130.82 (0.02%)
vnt 131.50 ach 129.50
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.75 ach 129.50
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 132.00 ach 129.75
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.75 ach 129.25
Gourdes pour 1 dollar EU
130.66 (0.08%)
vnt 130.82 (0.02%)
vnt 131.50 ach 129.50
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.75 ach 129.50
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 132.00 ach 129.75
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.50 ach 129.00
vnt 131.75 ach 129.25
Riz sécurité alimentaire Haiti

Ogmantasyon Pri Manje Nan Mond lan Apwofondi Kriz Grangou an Ayiti

Dapre Endèks Pri Manje FAO avril 2025, pri komodite manje mondyal yo te ogmante 1.0% konpare ak mas – ki vin bay yon ogmantasyon 7.6% anyèl. Chanjman sa yo te alimante prensipalman pa ogmantasyon nan pri sereyal, vyann, ak pwodwi letye. Endèks pri sereyal la—ki gen ladann aliman debaz tankou diri, mayi, ak ble te monte 1.2% pou mwa a akoz ogmantasyon demann mondyal pa rapò ak yon òf ki pi restren. Alòs ke pri lwil, legim ak sik nan lemonn te bese, presyon jeneral sou ogmantasyon pri aliman debaz yo reprezante yon gwo menas pou peyi ki gen ensekirite alimantè tankou Ayiti.

Ann Ayiti, sitiyasyon an deja grav. Bilten Panye Manje CNSA a, ki te soti nan mwa septanm 2024 te rapòte yon ogmantasyon anyèl 11% nan pri manje, ak pri komodite debaz tankou diri, farin, ak sik. Diri enpòte, ki reprezante ant 80% a 90% konsomasyon total diri an Ayiti, te ogmante 17% ane sou ane nan mache kle, spesyalman nan Gran Sid. Ogmantasyon sa yo te reflete tandans entènasyonal yo, ki ranfòse vilnerabilite ekstrèm Ayiti fas ak chòk pri ekstèn yo.

Presyon ekonomik sa a agrave pa deplasman toupatou ak ensekirite. Plis pase 1 milyon moun deplase pa gwoup ame selon dènye chif ki disponib. Ki fè, anpil moun pèdi kay yo, mwayen pou viv, ak aksè a lamanjay. Analiz IPC (Klasman Sekirite Alimantè) ki pi resan sou sekirite alimantè a montre apeprè mwatye nan popilasyon an pa gen ase pou yo manje. Plis pase 2 milyon nan yo ap fè fas ak kriz oswa ensekirite alimantè ijan. Nivo sa anjeneral asosye ak kriz grangou ak malnitrisyon grav.

Avèk neglijans ki genyen nan envestisman nan pwodiksyon manje lokal ak yon istwa long nan depandans sou manje enpòte, Ayiti rete vilnerab ak monte desann pri mondyal yo. Feblès estriktirèl, vyolans, ak depandans sou mache etranje yo vle di ke menm yon ti ogmantasyon modès nan pri manje sou manche entènasyonal la ka lage plizyè milyon moun nan plis difikilte.

Pandan mond lan ap gade pri manje ki ap monte akòz demann mondyal la, chanjman klimatik, ak ensètitid komèsyal, pwoblèm yo an Ayiti pa sèlman ekonomik-yo imanitè. San sipò ijan pou estabilize pri, retabli sekirite, ak ranfòse agrikilti lokal, kriz manje Ayiti ap anpire.

Previous post Repons MBBJ109 sou Deziyasyon Gang Ayisyen yo Kòm Teworis pa Etazini
Next post Les Nations Unies confrontées à une crise de financement, entre coupes budgétaires américaines et arriérés de paiement