

Trump kontinye defann politik tarif li a
Nan yon entèvyou resan ak “Meet the Press” sou televizyon NBC, Prezidan Donald Trump te rejte enkyetid ki genyen sou kontraksyon ekonomi ameriken an nan premye trimès 2025 lan. Li te siyale ke li pap fè bak nan itilizasyon agresif tarif kòm yon eleman santral nan estrateji ekonomik li. Malgre gwo kritik ak avètisman ekonomis yo, Trump ap pike devan ak yon ajanda komès ki vize refòme lòd ekonomik mondyal la nan lide pou relanse manifakti domestik.
Nan esans politik tarif Trump lan, gen yon jefò pou ranvèse plizyè dizèn deseni tradisyon mache lib ke Pati Repibliken an toujou sipòte. “N’ap retounen avèk anplwa,” Trump deklare, nan defans politk tarif li a kòm yon zouti pou re-balanse relasyon komès ak diminye depandans Etazini sou pwodiksyon etranje, espesyalman pwodwi ki soti Lachin.
Konsantrasyon renouvle prezidan Trump sou tarif vini nan yon moman kote siy ke ekonomi Ameriken an an difikilte vin pi aparan. Pwodui Enteryè Brit (PEB) Etazini kontrakte a yon pousantaj anyèl 0.3% nan premye trimès 2025 lan. Sa make premye bès ekonomi an depi kòmansman 2022.
Anpil ekonomis prevwa plis ralentissement ki gen rapò ak komès ap entansifye pita nan ane a. Malgre sa, Mezon Blanch parèt pi konfyan ke jamè. Kòm prèv, li lonje dwèt sou pwogrè ki fèt nan mache bousye yo ak yon rapò travay ki te pi pèfòman ke anpil moun te prevwa kòm siy ke ekonomi an rezilyan. Men, sa pan anpeche ke enkyetid kontinye ap ogmante.
Stratèj repibliken, Marc Short, yon veteran nan premye administrasyon Trump lan, avèti ke kou ekonomik yo nan gè komèsyal sa gen anpil chans pou vin pi vizib nan mwa kap vini yo. Demokrat yo pwofite ogmantasyon pri konsomatè yo pou akize Trump. Yo rann li responsab gwo twoub konomik ak move politik komèsyal ki enprevizib ak inilateral.
Pou nou avanse, pa gen oken kote ke tansyon ekonomik yo pi vizib ke nan konfwontasyon yo avèk Lachin. Peken te reponn tarif Ameriken yo ak tarif reprezay ki te eskalade tansyon yo. Alòs ke Prezidan an admèt ke ekonomi an frajil, men pou kounye a, chita pale sou komès ant 2 pri gwo ekonomi mondyal yo ta sanble nan enpas.
Avèk enkyetid k’ap monte pami gran piblik la ak bizinisman yo, Mezon Blanch voye siyal ke li vle bese tansyon yo. Administrasyon Trump lan konsidere koupe tarif sou enpòtasyon Chinwa yo ki rive jiska 145%. Malgre jès posib de-eskalasyon sa, ofisyèl yo ensiste yo pap aji san yon jès resipwòk bò kote Lachin.
Daprè Wall Street Journal, Peken ka eksplore konsesyon ki gen rapò ak ekspòtasyon fentanyl kòm yon posib ouvèti diplomatik. Nou vle raple ke fentanyl se yon medikaman ke yo itilize kòm dwòg ki pran lavi anpil jèn Ameriken.
Pandan se tan, presyon ki soti nan kan biznis Ameriken yo pa sispann monte sou administrasyon Trump lan. Lidè endistri yo eksprime enkyetid yo sou enpak tarif yo sou chèn apwovizyonman ak kou pwodiksyon yo. Kòm repons, Trump dènyèman te anonse mezi pou adousi enpak sou sektè oto a, ki gen ladan soulajman tarif sou pyès etranje ke yo itilize nan manifakti ki baze nan peyi Etazini.
Pou kounye a, Trump rete akroche avèk politik komès li a ki baze sou tarif, ke li konsidere kòm yon tibilans nesesè pou retabli fòs ekonomi Ameriken an. Kit pari sa a bay bon rezilta oswa alimante plis enstabilite ekonomik – se yon dosye n’ap swiv de prè.