Laman Petwòl: Kòman Ayiti ka benefisye de kriz Kowonaviris la
Laman pri gaz la ki desann soti nan plis ke 100 dola ameriken rive nan 20-30 dola pou 1 baril jodi a fè tout peyi sou latè ki enpote gaz ap estoke mete nan rezèvwa. Swa yo estoke nan rezèvwa sou tè oubyen yo lwe gwo bato tanker ki pou estoke gaz la pou yo.
Laman sa vini akoz eskonbrit oubyen gè pri ant ArabiSawoudit ak Larisi. Tou 2 peyi yo deside pa kanpe e rive menm ogmante pwodiksyon an malgre bès konsomasyon ki vini akoz kriz kowonaviris la, epi malgre USA ap pouse pwodiksyon gaz lakay li… Kidonk, yon move jwèt malveyan ant peyi Putin ak Sawoudien pou blese ekonomi youn lòt malgre pa gen demand pou tout gaz sa yo. Sa ki bon pou tout peyi enpòtatè!
Men laman pri sa pap dire paske ta sipoze gen yon akò nan mwa sa. Kidonk, pri yo pral rebondi, epi lè kowona fini, tout peyi pral rekonsome pi rèd. Sa ki pral lakoz enflasyon. Pa bliye kowona gentan mete ekonomi mondyal la nan resesyon.
Ayiti te ka pwofite pou amòti chòk sa epi envesti Benefis gaz la nan sektè kle yo jodi a: Agrikilti ak Lasante. Sa ki bèl la, si pa gen mwayen pou w kouri konstwi rezevwa, ou ka peye gwo Bato tanker yo pou estoke gaz la.
Kòm tout peyi ap estoke koulye a, pri yo varye ant 45 000 jiska 120 000 dola US par jour. Donk fè kalkil la pou 6 mwa ak kantite nou konsome par mwa. Nou pa gen lajan vre, men nou ka mande Bayè tradisyonèl yo finanse yon ka ijans ki deja aktive. Oubyen nou k siyen yon akò dirèk ap yon peyi vandè pou vann nou yon kantite gaz a kredi ak yon to rezonab pou’n peye pandan nap revann sou mache lokal la. Oubyen nou ka fè yon gwo bank letranje finanse acha pou estoke gaz la. Paske Fòk nou estoke mete nan rezèvwa.
Leta di li pèdi anviwon 7 milya goud nan sibvansyon gaz, epi pri yo yo bese a 70% sou mache entenasyonal la. Si nou tap ajiste pousantaj defisi leta aprè lòt defisi nan taks sou konsomasyon + sibvansyon, chif la ka anviron 10 milya goud.
Pa bliye nou konsome 20 mil baril gaz par jour….. kidonk, Sak ki te konn koute nou 100 dola pou 1 baril, li vini jodi a 30 dola pou pi plis. Sa vle di nou gen 70 dola rabè kap rete. Nan 70 dola a, si n retire 25% (5~6 mil baril sibvansone a sou total 20 mil baril ) kise 1/4 lajan nou te konn sibvansyone par jou an, l’ap bay anviron 50 dola US nap rete kòm benefis…
Koulye an’n fè 50 dola benefis net pa baril × 20 000 baril =1 000 000 dola pa jou… Nap jis peye ant 45 000 minimòn ou 120 000 maksimòm pa jou pou yon gwo Tanker kenbe gaz tankou bato VLCC yo.
Pa bliye pi gwo bato tanker sa yo ka kenbe jiska 2 milyon baril ki egal a 100 jou (3 mwa) konsomasyon mache lokal Ayisyen an. An’n di yo fè n peye pri mwayèn lan jodi a, sa fè 80 000 dola estokaj par jour × 180 jour (6 mwa) = 14,4 milyon dola. Si n vle rezève pou 180 jou (6 mwa) konsomasyon lokal, 2 tanker ap vini mwens ke 30 milyon dola.
Koulye a pran total benefis net par jour an ki se 1 milyon dola ameriken × par 180 jou estokaj la= 180 milyon dola. Koulye a nap fè diferans lan. 180 milyon dola mwens 29 milyon frè estokaj = Leta ka rantre 151 milyon dola ameriken pou piti pou res 6 mwa yo. E lajan sa ke l kapab envesti nan Agrikilti ak Lasante!
Mensi nou tap peye enterè labank, enterè sou kredi…Leta ap jwenn pou piti 100 milyon dola benefis.
NB: Benefis total la ka plis paske tout chif yo majore depi nan defisi sibvansyon rive nan depans pou estockaj la.