Gourdes pour 1 dollar EU
132.54 (0.06%)
vnt 133.16 (0.02%)
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.54 (0.06%)
vnt 133.16 (0.02%)
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Tousen Louvèti

Èske Pastè Gregory Toussaint se yon Nouvo Revizyonis Listwa dAyiti?

Tout Ayisyen konsyan konnen aprè Letènèl tout Lame ki nan syèl la, se JanJak Desalin; Pa gen 2 Apredye menmsi zòt te vle rele ansyen Prezidan Jovenel Moïse Apredye. Brèf, si ta gen Apredye pou pèp Ayisyen an, li pa lòt ke Anperè JanJak Desalin menm jan Abraham se Papa fondatè nasyon jwif la; Kidonk, malgre verite istorik sou entèlijans militè, diplomatik ak fwa kretyen Tousen Louvèti, sa pa ba li onè kòm Papa fondatè peyi d’Ayiti!

Koulya kesyon pou nou poze: Èske verite istorik Pastè Gregory bay sou Tousen Louvèti yo fè de li yon lòt revizyonis relijye ki vle bay lakretyènte kredi sèlman nan liberasyon ak endepandans Ayiti anba kolon yo? Eske tou referans pastè an site sou lavi Tousen Louvèti kòm kretyen katolik pa pi otantik e veridik ke yon bann liv revizyonis vodouyizan ekri ki manipile Listwa nan lojik pou reponn ak falsifikasyon rasis Fransè yo?

Kite m raple koze Revizyonis relijye sa kòmanse nan 20e syèk la avèk kèk ekriven vodouyizan ki twouve istoryen rasis tankou Thomas Madiou ak premye Prèt katolik Fransè FIC yo te fè twòp dezòd nan listwa d’Ayiti malgre istoryen Beaubrun Ardouin te gentan reponn Madiou ak yon piblikasyon liv istwa 11 Tòm pou rektifye anpil koze. Malgre gwo entèlektyèl tankou Louis Joseph Janvye ak plizyè lòt te ekri nan 19è syèk la ak anpil rigè men Revizyonis Vodouyizan yo pouse koze Relijyon nan tout piblikasyon listwa Ayiti rive jodia.

Anpil Istoryen vodouyizan twouve travay Ardouin an twò entèlèktyel e pat sifi pou yo, yo kòmanse mete piman koze mistik relijyon vodou an nan tout aspè listwa peyi an rive jounen jodia. Pandan yo vle korije yon mal, yo pran lòt ekstrèm lan ak yon lòt mal! Kòmkwa tout zansèt yo te soti Benen ak Ginen. Komkwa tout 21 nasyon oubyen tribi yo te vodouyizan? Kòmkwa pat janm gen reyinyon lapriyè avan Seremoni Bwakayiman? Kòmkwa Bookman ak Imam lan pat Mizilman? Kòmkwa se pat tribi Nago ak Yohuba, yon bann mizilman rebèl ki te chèf revolisyon 1791 lan? Kòmkwa tout premye lidè Nasyon an depi sou Tousen, Desalin, Petyon rive sou kristòf, pat ENTÈDI pratik vodou aprè endepandans?

Onètman, Pastè Gregory ka gen preferans li sou listwa d’Ayiti avèk tout enplikasyon apatenans relijye li, oubyen akoz orijin Siyati ansestral li ki rapwoche li de Toussaint Louverture. Men sa pa yon faktè detèminan nan listwa pou retire patènite ak santiman yon nasyon genyen pou zansèt li ke konsyans nasyonalis ak patriyotik li di ke se Dessalines ki merite onè sa kòm Papa fondatè. Men tou èn ak vyolans anpil moun montre sou rezo sosyal pa nesesè paske pastè an gen dwa gen preferans e site sous li jije ki nesesè pou odyans ak objektif li.

Pandan yon bann entèlèktyel melanje ak vodouyizan ap joure pastè an poutet li site youn nan liv ki gen anpil detay kòm referans sou fwa kretyen katolik Tousen Louvèti te pratike se ” The Life of Toussaint Louverture. THE NEGRO THE PATRIOT OF HAYTI”. Anpil nan yo pa janm li Liv sa ki se youn nan premye liv otantik ki dekri lavi Tousen Louvèti ki pibliye an 1863; Liv sa pa ni ekri pa rasis fransè ni pa revizyonis Vodouyizan! John Beard te yon Presbyteryen (pwotestan) Britano-Ameriken ki te vin ede Wa Kristòf!

Pou fini, Listwa otantik gen 4 sous oubyen eleman ki konfime epi otantifye verite yo: Achiv ofisyèl, dokiman ekri, temwen epòk la ak istwa oral epòk la. Kidonk, Pastè Gregory itilize yon liv ki pran sous otantik pou li pale sou lavi Tousen louvèti. Liv sa se yon baz referans pou yon bann otè, ekriven, li vin tounen yon sous segondè. Kidonk, kestyon kretyènte Tousen ak lafwa kretyen anpil esklav te genyen ki pèmèt yo te konn rankontre avan Bwakayiman, pa gen dout sou sa.

Ak tout ekilib e lojik sou kestyon kilès ki Papa Nasyon an, selon mwen menm, Pastè an jis pale an fonksyon de preferans pèsonèl li ke tout Ayisyen pa oblije asepte pou Levanjil Kris la ni sèvi ak sa pou lapide li kòm Lidè kominotè kap ede peyi an nan fason pa li! Menmjan Moyiz te sòti ak Pèp Jwif la Lejip, li trase chemen an men se Jozye ki te fè yo antre Kanaan; Menm janm tou JanBatis te prepare kè pèp la pou repantans ak batèm dlo pou Jezi te ka vin etabli Wawòm lan ak pouvwa Lespri Sen an. Se menm jan Tousen louvèti kòm prekisè te prepare chemen libète an pou Desalin te ka ba nou endependans kòm premye pèp nwa lib ki kreye yon Nasyon ki pat anba okenn zòd letranje!

emplois aux-États-Unis Previous post Le marché du travail américain continue de se refroidir, ajoutant seulement 187 000 emplois en juillet
coup d’État contre Mohamed Bazoum Next post La CEDEAO n’a pas encore réagi après que la junte a défié le délai du bloc