Gourdes pour 1 dollar EU
132.36 (0.04%)
vnt 132.92 (0.10%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.36 (0.04%)
vnt 132.92 (0.10%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25

An verite, an verite se pa Laboujwazi ki bloke Dyaspora a ni Devlopman Ayiti!

Pa okipe okenn Nèg klas mwayèn kap woule nou nan farin! Gwoup moun ki se pi gwo menas pou devlopman peyi an se pwòp pitit peyizan ak madan sara ki vin Prezidan, PM, Minis, DG, Senatè, Depite, majistra, etc… Poukisa gwoup dirijan politik sa yo toujou wè nèg klas mwayèn parèy yo kòm menas? Poukisa yo toujou vle an konpetisyon ak lajan leta a nan sèl lide pou vin sanble ak fanmi rich yo? Men jamè travay pou yo chanje kondisyon lavi moun ki sanble ak yo.

Nan tout peyi, tout moun konnen objektif klas posedant lan oubyen boujwazi an ki se fè Lajan epi kreye richès! An Ayiti nou rele yo boujwa sansi oubyen Oligak kowonpi paske yo pa patriyòt ase pou envesti nan pwodiksyon nasyonal epi paske yo fè kòb nan tout kondisyon san transfòme kominote yo. Kidonk yo pa kreye richès pou Ayiti. Men kòman fanmi sa yo fè rive gen tout pouvwa ekonomik sa san yo pat janm dirijan politik? Omwen nou konnen objektif yo se fè lajan men ki objektif sila nou peye dirije nou yo kòm lidè Politik epi administratè Piblik?

Kòman fanmi boujwa sa yo fè rive posede 80% richès peyi an si majorite nan yo pat gen zansèt yo nan batay endependans lan? Kòman yo fè jwen franchiz, avantaj bab e moustach monopòl nan tout sèkte yo envesti? Kilès ki bay premye jenerasyon boujwa sa yo tout avantaj sa yo rive jodia? Nou pral di se konplisite TonSam…Men TonSam bouke mete Nèg tèt grenn chèf pou nou; Pouki yo pa janm eseye chanje kondisyon lavi sila ki sanble ak yo?

Kòman nou ka rete akize yon gwoup moun ki vini etabli nan yon peyi ak objektif vin fè lajan pandan paran yo te vini tou pòv? Kote yo jwenn pouvwa enfliyans sa? Kilès ki te ba yo dwa ak aksè a kapital sou sistèm finans piblik e prive peyi an? Kilès ki ba yo monopòl kontwòl pò,dwan, BRH, polis, lame..etc? Eske dirijan politik nou yo pèdi tout lisidite oubyen libète pou deside depi yo anfas boujwazi an?

Men kòman nou fè peye yon gwoup moun ki ta sanble ak nou, ki se pitit peyizan ak madan sara pou lamajorite; Pwòp lajan taks nou, Nou ba yo tout privilèj ak avantaj pou reprezante, defann nou, negosye pou nou; Epi pandan yo tout atenn objektif pèsonèl pa yo: Yo vin rich, chaje kay, otèl, byen, fanm, pitit tout kote….Epi nou dakò vre se 11 fanmi boujwa ki fè yo pa bay rezilta? Nou pa janm ekzije yo rann kont men nap kite yo vann nou milat kòm bouk emisè!

Lè yon Dyaspora voye youn ou de kontenè ki bloke nan dwan lan oubyen yon machin pou yon rezon oubyen lòt epi flòt kontenè Mesye X ou madam Y ap pase san pwoblém akoz franchiz oubyen relasyon l; Kilès ki bloke pa dyaspora san konsiderasyon? Èske se zam yo mete nan zòrèy DG nou yo pou fòse yo louvri vant sistèm lan ak koripsyon? Eske se menas yo fè ti nèg klas mwayèn pou l toujou diskrimine yon pitit peyizan parèy li ki vin regle yon dosye nan administrasyon piblik la? Kilès ki te fè lwa yo epi adopte konstitisyon sa ki bloke dyaspora?

Mezanmi louvri je nou! Popilis ak demagòg Fanm ak nèg klas mwayèn Pòtoprens bezwen pran pouvwa pandan yap regle tout koze ak menm boujwazi sa! Sistèm nan bloke dyaspora, peyizan ak jenès lan… Pouvwa enfliyans boujwazi an mete nèg klas mwayèn chèf epi yo chwazi ak volonte yo antre nan jwèt koripsyon pou anrichi pwòp tèt yo! Lè nou va defini priyorite nou epi ak ki objektif nou mete chèf sou pouvwa, peyi an va chanje!

Wi nou dwe ekzije fòk boujwazi an vin patriyòt! Wi fòk yo transfòme kominote kote yo etabli biznis yo; Wi fòk moun kap travay ak yo depi 10 rive 25 lane vin gen dwa aksyonè pou kreye richès! Wi fòk gen jistis sosyal nan peyi an pou Ayiti ka konnen estabilite politik ak Pwogrè ekonomik. Men si jistis la pa ka koumanse etabli nan mitan nèg klas mwayèn ki se dirijan epi lidè politik…si rezilta pou chanje kondisyon lavi moun pa janm priyorite lidè arivis tradisyonèl sa yo; Nou fèk kare akize fanmi boujwa, milat ak Etranje nan malè Ayiti.

Si n pa ka fè tèt nou jistis pa mande moun ki pa sanble ak nou fè nou jistis!
GJJ

zone euro - inflation Previous post L’euro repasse au-dessus du seuil de parité avec le dollar
gourde haïtienne Next post Inflation mondiale : quelles sont les éventuelles conséquences pour Haïti ?