Gourdes pour 1 dollar EU
132.38 (0.05%)
vnt 133.00 (0.07%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.38 (0.05%)
vnt 133.00 (0.07%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
manifakti rad

Resesyon Ozetazini : enpak li sou sektè ki pi enpòtan an Ayiti

Pandan enflasyon ap koupe pòch konsomatè yo, kwasans depans Ameriken yo ap ralanti. Ki fè, chans pou Etazini, pi gwo ekonomi nan mond lan ak pi gwo patnè komèsyal Ayiti tonbe nan resesyon disi ane pwochèn ogmante. Enpak yon resesyon nan peyi Tonton Sam ka rive menm an Ayiti.

Yon resesyon se yon bès enpòtan nan aktivite ekonomik ki dire plizyè mwa e menm plizyè ane. Ekspè yo deklare ke lè gen yon resesyon ekonomik, pwodwi domestik brit (PDB) yon nasyon tonbe nan negatif, nivo chomaj la monte, lavant detayan yo bese, revni yo kontrakte, epi manifakti yo bese pou yon peryòd tan pwolonje. Ki fè, si gen yon resesyon Ozetazini, ki se pi gwo patnè komèsyal Ayiti, sektè ki expòte pwodwi nan peyi sa ap afekte.

Youn nan prensipal sektè ke resesyon ameriken an ap fwape se endistri manifakti Ayisyen an, sitou sila yo ki nan domèn fabrikasyon rad. Pa egzanp, S&H Global, yon gwo konpayi manifakti rad nan Pak Endistriyèl Caracol an Ayiti, pral elimine 4000 anplwa akòz demann ki bese, sitou nan peyi Etazini.

Endistri rad la se youn nan pi gwo anplwayè an Ayiti. Li jwe yon wòl enpòtan nan sipòte ekspòtasyon Ayisyen yo. Sektè sa responsab pou plis pase 80% ekspòtasyon peyi a. Anplis, 83% nan ekspòtasyon sa yo ale nan peyi Tonton Sam. Pou soliye enpòtans endistri teksil ak rad la and Ayiti, n’ap raple ke nan lane 2020, plis pase 850 milyon dola sou yon revni total 1.03 milya dola ekspòtasyon peyi a soti nan sektè sa ki reprezante yo pati enpòtan nan PDB peyi a (apeprè 10%).

Ozetazini se pi gwo patnè komèsyal Ayiti, endistri rad ayisyen an jwi anpil kondisyon favorab anba yon lwa Ameriken, ki se HOPE II. Gras a lejislasyon sila, konpayi manifakti ayisyen yo gen aksè favorab sou mache Ameriken an paske yo pa peye dwan, sa ki pèmèt volim total ekspòtasyon pwodwi rad ki soti Ayiti pou ale nan peyi Etazini rive prèske 1 milya dola ameriken, ki reprezante plis ke 3 ka nan ekspòtasyon Ayisyen yo.

Shinzo Abe : ex-dirigeant du Japon assassiné Previous post Shinzo Abe : ex-dirigeant du Japon assassiné le 8 juillet
Federal Reserve Meeting Next post Inflation aux États-Unis : réunion de juillet de la Réserve fédérale