Gourdes pour 1 dollar EU
132.54 (0.06%)
vnt 133.16 (0.02%)
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.54 (0.06%)
vnt 133.16 (0.02%)
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25

Aktivis Entatad ak Lidè Paranòy pa konn chanje peyi!

Chak 30-40 lane gen yon gwo kriz lòbey ki toujou eklate nan listwa peyi dAyiti! Kòman chanjman pral rive ak yon bann endividi san konsyans sivik? Yon dividal endividi pèp kou lidè ki pa dakò pou yo moun…nou vle pèp san memwa, Lidè san listwa,san responsabilite patriyotik fè revolisyon oubyen chanjman? Tout sa kap fèt jodia la, tout jenerasyon kap vivote la wè teyat sa yo deja. Chanjman Ayiti pa ka fèt ak yon bann endividi ki toujou grangou pouvwa e ki kraze lajistis paske yo pa dakò rann kont.

Depi mouvman ane 46 yo ak etidyan yo ki te komanse pou kwape Elie Lescot sou pouvwa, Ayiti tounen yon peyi dejwe. Nou fimen kokayin mouvman, fo mouvman, piwèt politik oubyen teyat manipilasyon ak divèsyon yon gwoup moun ki kache. Nou janm mande tèt nou kisa Laboujwazi enpòte a vle? Nou janm defini tèt nou anba estrateji TonSam gen pou nou an? Lidè nou yo negosye pouvwa oubyen pou Ayiti?

Nou fè mouvman, revòlt , nou jete gouvènman, jete pouvwa ak rejim men peyi an pa janm chanje vre. Nou pa janm mande poukisa se toujou menm moun yo, menm aktè yo, menm ide yo, menm estrateji epi menm ajenda ki toujou aplike? Kit se Rene, Joseph, Latortue, Pierre, Jacques… Rezilta yo toujou menm! Pa vin di diktati te bon men se demokrasi ki kraze Ayiti… Kisa nou te planifye? Kisa nou te janm defini? Ki paranòy nou toujou mete nan tèt mouvman nou yo kòm kolòn pou n ka souse aprè? Ki opòtinis demagòg nou mete sou pouvwa aprè tranzisyon nou yo?

Gen yon Kanadyen ki te nan yon konvèsasyon telefonik ak yon Ayisyen-Ameriken…Lè l reyalize moun nan se tout bon yon Ayisyen dorijin, Kanadyen an di li pa kwè Ayisyen an sòti nan “peyi konfizyon sa”. Brèf…. Menm lè wap gade refleksyon enfliyansè sou rezo sosyal yo, atis, kòmantatè ou analis e menm ekspè, wap mande eske pèp sa pa gen yon “pwoblèm mantal”?

Ayisyen tounen yon “pèp delirium” san elit pou eklere l devan malè. Ti grenn kap fè efò nan refleksyon pouse yo, podyab pèsonn pa li yo ni ba yo enpòtans. Leta kraze ak enstitisyon li yo: kit se regalyen, represif oubyen idewolojik yo… sak rete yo pa menm ka fòme yon gouvènman. Bon kouman yon pèp di li ekziste oubyen li gen teritwa san yon fòs piblik nasyonal? Kilès ki peye epi achte ekipman pou polis la? Eskè nou konn konbyen endividi nou gen nan popilasyon an vre? Nap repete chak jou yo vle piye richès sòl nou…Nou pa menm ka jere yo moso forè ni moso tè ki ka ba nou manje.

konfizyon mantal la tèlman yon maladi kwonik, 3 entèlektyèl pa ka chita epi etabli yon plan estratejik nan okenn domèn san pa gen yon mouvman grenn 5. Pa janm gen yon ide oubyen yon plan de baz pou kòmanse, tout moun vle chèf epi pwomote ti enterè pa yo. Sa ki parèt a klè an tout moun wè l pa gen Okenn lidè nèf la ni vizyon oubyen plan nèf la… Menm endividi yo sistèm lan ap resikle paske grangou an rèd pou yo epi prizon pa dous!

Jenerasyon yo ap mouri ak limyè Letènèl mete anndan yo an pou chanje yon sitiyasyon espesifik nan yon tan espesifik paske move lawon sistèm lan bare tout espas sosyete an. Revelasyon oubyen vizyon ak estrateji kap itilize depi 30 lane kòm lidèchip pap ka chanje Ayiti an 2022. Nou ka toujou rete chèf pati politik, lidè oubyen dirijan biznis…Men yon patriyòt imoral ak move dosye se yon danje nan tèt peyi an. Yon moralis Antipatriyòt oubyen yon popilis demagòg se yon lòt menas pou pi rèd. Nou bezwen vijilan e sispann kilti nayivte sa.

Ofri rezilta pou chanjman pap janmè kapab yon pwodwi ki sòti anndan yon bann entatad aktivis ak paranòy politik ki plen move dosye e kap viv sèlman de opòtinite kriz oubyen de pouvwa politik delabre ki anba dominasyon 2 fisèl manipilasyon: makyavelis etranje ak antipatriyotis boujwazi enpòte! Moralite ak etik nan lidèchip bay konfidans ak asirans ak yon vizyon patriyotik kap kreye lejitimite popilè. Se lè sa nap ka mete 2 aktè envizib yo chita pou negosye e defini yon ajenda devlopman nasyonalis kap pèmèt tout Ayisyen viv ak diyite.

Tout tan nou pa ka jwenn lidèchip ki ka mete 2 aktè sa yo chita, se piwèt nap fè… Pouse bourik militans, mouvman kraze brize nou…fè vakam tranzisyon, eleksyon bouyi vide pou n regle kisa? Nap kontinye retire pay mete wòch.

ariel henry prix des produits petroliers Previous post Le prix de l’essence a plus que doublé : Ariel Henry joue avec le feu
Ariel Henry - Michele Sison Next post La politique de doublure de la bourgeoisie et de la Communauté internationale est suicidairement contre Haiti