Gourdes pour 1 dollar EU
132.38 (0.05%)
vnt 133.00 (0.07%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.38 (0.05%)
vnt 133.00 (0.07%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Manifestations de rue en Haïti

Anpil moun pran lari pou pwoteste kont lavi chè ak vyolans

Lendi, plizyè milye ayisyen te foule beton an pou yo te pwoteste kont vyolans, kidnaping, lavi chè, rate gaz, ak valè goud la k’ap degrigole.

Enflasyon ap bay pwoblèm patou nan mond lan. Men ogmantasyon pri manje yo patikilyèman douloure an Ayiti, kote fanmi yo depanse plis pase 50% nan revni yo nan lamajay. Nan mwa jen, enflasyon anyèl la te rive 29%, ki se ekspansyon ki pi enpòtan depi nan fen ane 2003. Sous prensipal enflasyon sa se ogmantasyon pri manje ak bwason ki pa gen alkòl, ki te depase 30%.

Nan plizyè gran vil nan peyi a, moun yo te pran lari pou leve vwa yo, eksprime fristrasyon yo ak kòlè yo kont sitiyasyon ekonomik yo k’ap degrade, alòs ke lekòl pwal louvri. Nan Pòtoprens, lapolis te degaje manifestan yo, debleye lari yo pandan manifestan an kòlè t’ap mete barikad anflame nan kèk zòn.

Nan okap, lidè goch Moise Jean Charles te nan tèt manifestasyon yo. Li te pwan lari ak plizyè milye manifestan ki pat kache fristrasyon yo kon kominote entènasyonal la. Anpil moun te mete chemiz wouj ki gen mo “endepandans”. Yo t’ap flote drapo Nwa-Wouj yo pandan yo t’ap denonse enjerans peyi oksidantal yo nan zafè peyi a.

Gen kèk nan manifestan ki t’ap flote drapo Larisi ak Lachin pandan yo t’ap blame kominote entènasyonal la, patikilyèman Etazini, Core Group, ak Nasyonzini, pou kontribisyon yo nan sitiyasyon aktyèl an Ayiti ki ap degrade chak jou.

Pandan ke pri pwodwi premye yo ap monte, moun yo ap bat dlo pou fè bè nan mitan vyolans gang ak kidnaping ki achte lari Pòtoprens lajan kontan. Moun yo pè kite kay yo pou al chache lavi. Kòm rezilta, plis moun gen pwoblèm pou yo bay tèt yo ak fanmi yo manje, e plizyè milyon moun fè fas ak grangou.

Protests in Panama Previous post Le Panama établit des contrôles des prix alimentaires après un mois de protestations
Next post Haïti sur la liste grise : les autorités signent un protocole d’accord pour éviter les sanctions économiques