Gourdes pour 1 dollar EU
132.22 (-0.03%)
vnt 132.71 (-0.09%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 135.00 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.22 (-0.03%)
vnt 132.71 (-0.09%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 135.00 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
not-pou-lapres-ako-montana

Nòt pou laprès : Akò Montana di se twòp atò

AKÒ 30 DAWOUT 2021/AKÒ MONTANA A

NÒT POU LAPRÈS

AKÒ MONTANA DI SE TWOP ATÒ

Pou ki tout krim sa yo ? Pou ki tout san sa a ap koule ? Kiyès ki gen kont ak pèp ayisyen an nan pwen sa a pou fè timoun, granmoun andikape, jenn fanm, jenn gason ap kouri kite kay yo, katye yo pou chape anba bal ak flanm dife ?

Pandan I ap bay viktim yo ak pwòch viktim yo tout solidarite I, Akò Montana a di SÈTASE !

Ariel Henry ak tout gouvènman I Ian, tout alye lokal kou entenasyonal 21 desanm Ii yo, mesye dam sektè prive yo ki te mande tout moun vinn rejwenn yo nan 21 desanm Ian, manman ak papa pitit k ap layite nan pouvwa kriminèl sa a, ki kote menm nou vle rive ak peyi a ?

Nan gade ki jan nou ka jwenn yon wout pou soti peyi a nan kriz lanfè sa a, Akò Montana a fè plizyè tantativ chita pale ak pouvwa defakto a, ansanm ak lòt aktè ki pa nan pouvwa a. Nou rive fè anpil konsesyon pandan se toujou dwa byennèt popilasyon an ak enterè peyi a n ap defann. Men Premye Minis defakto Ariel Henry ak akolit Ii yo pa wè pa tande, se yo ki pou sèl mèt abò pandan yo swadizan ap chèche konsansis. Konsansis pou Ariel Henry ak alye Ii yo vle di vinn travay ave yo, pou ede yo kontinye maspinen pèp la ! Akò Montana pa deye djòb, Ii pa dèyè ni pouvwa ni privilèj.

Se yon konsansis ki pi laj pase sa I fè deja a ak fòs sosyal ak politik peyi a ki ka retire peyi a nan dezas yo mete I la.

Tankou Akò Montana a toujou di I vyolans sanginè n ap sibi a se pa yon kòz, se yon konsekans move politik, move gouvenans. Se sitou konsekans enpinite, ki vle di garanti pouvwa a bay tout kalite gang – gang ak sapat tankou gang ak kravat – kelkeswa zak kriminèl yo komèt, anyen pap rive yo. Se enpinite a ki bay vyolans Ian wout pou I grandi ! Enpinite a se prèv konplisite pouvwa a ak gang yo, ak sektè mafya a. Lè pèp kap soufri a al devan Lapolis pou mande I sekou lapolis dwe I la, pandan I ap kouri pou bandi k ap tire sou Ii, Ii jwenn menm repons Ian nan men lapolis : bal avèk gaz. Si pat gen sitirè, pa ta gen vòlè !

Se pou tèt sa nan Akò Montana a, nou toujou di premye jès pou komanse batay kont ensekirite a, se enstale yon lot gouvènans ak yon fèydewout klè ki defini ansanm aksyon ki pou pran an ijans pou pèmèt popilasyon an respire, nan kad yon tranzisyon kote dirijan yo pa gen kòd lonbrik yo mare ak atoufè. Akò Montana kwè Ii lè Ii tan pou tout fòs nan peyi a ki kwè nan demokrasi, ki vle chanjman nan kondisyon lavi pèp la, mete tèt yo ansanm pou fòse ekip san manman sa a kite pouvwa a pou peyi a kapab pran veritab wout Ii.

Nan sans sa a, Akò Montana a lanse yon apèl alawonnbadè bay tout fòs sosyal pwogresis yo, tout aktè politik konsekan yo, pou nou fè yon sèl ansanm ak popilasyon an pou mande Ariel Henry ak akolit Ii yo nan gouvènman I Ian rekonèt bilan katastwofik yo aprè plis pase 2 zan sou pouvwa ilegal yo a epi remèt demisyon yo san pedi tan, san bri ni kont. Kominote entènasyonal la k ap sipòte pouvwa sa a dwe rekonèt echèk pa Ii epi fòk Ii konnen pèp ayisyen an pap janm mache nan konplo envazyon pou vin fè I tounen restavèk. Swadizan pou pote I sekou.

Nan plizyè pwopozisyon akò politik ki fèt deja nan peyi a depi plis pase yon lane, gen anpil mekanis diferan ki ka pèmèt fòs sosyal ak politik yo rive reyalize tranzisyon koupe fache ak tout move pratik Leta sa a epi kreye bon jan kondisyon pou òganize yon eleksyon ki kòrèk kote dwa politik pèp la respekte. Nan bon dyalòg patriyotik n ap jwenn mwayen pou chwazi nouvo dirijan nou yo ak manm nouvo ogan k ap gen pou fè tranzisyon an.

Nouvo ekip la ap gen pou I renegosye ak patnè entenasyonal yo sou ki jan yo kapab kore jefò nouvo responsab Leta yo pral fè pou met sekirite ak jistis nan peyi a kòm sa dwa.

Kounye a, jwèt kriminèl k ap jwe a klè pou tout moun : pou gouvènman defakto a kenbe pouvwa I, Ii pran kwi I I ap mache mande entevansyon etranje nan peyi a depi rezolisyon lawont 6-7 oktòb 2022 a, kwi sa a plen ak san moun Kafou Fèy, Bèlè, Matisan, Kafou, Solino, Taba, Lilavwa, Onavil, Vivi Michèl, Laboule, Kwa Peris, Lyankou, elatriye. Lè popilasyon an nan yon moman konfyans ak polisye ki nan pwoksimite I retire nan men bandi garanti enpinite Leta ba yo a, tout moun te ka konstate kouman bandi yo te repliye jiskaske gouvenman an reba yo dwa pasaj. Solisyon an se nan men Pèp ayisyen an Ii ye nan mache kontre ak yon fòs nasyonal sekirite djanm ki respekte deviz Ii ki se pwoteje ak sèvi.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayèn se limyè k ap klere chimen viktwa pèp la !

VIV YON SOLISYON AYISYÈN !

VIV YON AYITI GRANMOUN !

Pòtoprens, 20 dawout 2023

Pou diferan ògàn ak enstans Akò Montana a :

Biwo Swivi Akò a : Manm Kodinasyon an,
Magali Comeau Denis

Prezidan eli ako 30 dawout la
FritzAlphonse Jean

Konsèy Nasyonal Tranzisyon an : President,
James Beltis

Fowòm Politik Montana a: Kòdonatè,
Jean William Jeanty

Platfòm Sosyete Sivil la : Kòdonatè,
Bonivert Claude

Komite Rezantatif siyatè Akò a pou Negosyasyon yo (KRN),
Dunois Erick Cantave

Chine deuxième économie mondiale Previous post Ralentissement économique de la Chine : une préoccupation mondiale
des produits pétroliers Next post Les Colombiens protestent contre la hausse des prix de l’essence