Haïti Économie

Démocratiser l’accès à l’information économique

Bank santral ameriken an vle kontinye konbat enflasyon seryezman

Prezidan Rezèv Federal ameriken an, Jerome Powell fè konnen ke y’ap kontinye konbat enflasyon an seryezman. Li rekonèt tou, ke ogmantasyon to enterè yo pou reyalize objektif sa ka bay problèm. Mesye Powell, ki t ap pale nan konferans anyèl Bank Rezèv Federal Kansas City a, te souliye devouman enstitisyon an pou l met enflasyon…

Prezidan Rezèv Federal ameriken an, Jerome Powell fè konnen ke y’ap kontinye konbat enflasyon an seryezman. Li rekonèt tou, ke ogmantasyon to enterè yo pou reyalize objektif sa ka bay problèm. Mesye Powell, ki t ap pale nan konferans anyèl Bank Rezèv Federal Kansas City a, te souliye devouman enstitisyon an pou l met enflasyon an sou kontwòl epi mete aksan sou politik monetè li yo ki jiskaprezan pa ase pou atenn objektif yo pou bese pri yo kap monte.

Envestisè yo, bò kote pa yo, ap chèche endikasyon sou fason bank santral la ta ka jere yon seri konpwomi difisil pandan l ap chèche fè enflasyon desann soti nan yon nivo san presedan depi 40 ane. Bank santral la vle bese enflasyon pandan y ap eseye minimize risk ki plane sou ekonomi peyi a, ak ogmantasyon to chomaj la, ki nan nivo k pi ba depi 50 ane.

Chèf bank santral Ameriken an te avèti tou ke peyi ya nan wout pou yon peryòd douloure nan yon kwasans ekonomik lan ak pètèt chomaj k’ap monte pandan Rezèv Federal la ap ogmante to enterè yo pou konbat gwo enflasyon sila.

Partager
Tags
À lire aussi

Dans la même catégorie

Grains de riz blanc dans un bol, illustrant la hausse des prix mondiaux du riz selon la FAO. 💵 Prix et monnaie Riz : les prix internationaux repartent à la hausse en juin 2026 Pistolet de pompe à carburant illustrant les prix des produits pétroliers en Haïti. 💵 Prix et monnaie Carburants : le gouvernement abaisse de nouveau les prix à la pompe en Haïti Pistolet de pompe à carburant illustrant les prix des produits pétroliers en Haïti. 💵 Prix et monnaie Carburants : Haïti révise encore les prix à la pompe
Continuer la lecture

Articles liés

Article précédent Haïti sur la liste grise : les autorités signent un protocole d’accord pour éviter les sanctions économiques Ce matin, la Banque de la République d’Haïti (BRH) et l’Unité Centrale de Renseignements Financiers (UCREF) ont signé un protocole… 25 August 2022 3 min Article suivant Banque de la republique d'Haiti Circulaires 114-3 sur les normes relatives aux transferts de fonds sans contrepartie AUX BANQUES ET MAISONS DE TRANSFERT Conformément aux articles 2 et 3 du décret du 5 juin 2020 modifiant certaines… 26 August 2022 9 min