Gourdes pour 1 dollar EU
132.34 (0.09%)
vnt 132.86 (0.12%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 135.00 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.34 (0.09%)
vnt 132.86 (0.12%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 135.00 ach 132.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Pò Entènasyonal Sid

Pò Entènasyonal Sid resevwa premye bato komèsyal li

Madi 11 janvye 2022, Gran Sid la fè yon gwo pa nan wout devlopman ak desantralizasyon. Pò Entènasyonal Sid ki gen ti non jwèt li Pò Dimèl ki twouve’l nan lokalite Bonòm nan komin Sen Lwi, te resevwa premye bato komèsyal li.

Pò sila ke Prezidan Jovenel Moise te inogire nan dat 23 avril 2021, se yon enfrastrikti ki te rive konstwi gras ak sipò sektè prive Sid la nan lide pou mete yon nouvo pò entènasyonal sou kòt sid Ayiti nan bè Dimèl pou sèvi Gran Sid peyi a ki gen ladan Depatman Sid, Grandans, Nip ak Sidès.

Pierre Léger ak Ann Hauge ki chapote lide sa depi fen ane 90 te vle dezanklave regyon an ki depann de Pòtoprens pou rantre ak soti machandiz nan li, an plis, pote devlopman ekonomik nan zòn lan.

Bandi ki separe Pòtoprens, pi gwo zòn ekonomik peyi a ak Gran Sid la, montre nesesite pou bon jan enfrastrikti konsa fèt nan tout peyi a pou fè desantralizasyon.  Menm si pò sa a rive konstwi gras ak sipò sektè prive a, nou swete revni pò entènasyonal sa, ak tout retonbe ekonomik yo kontribye nan devlopman regyon an.

gaz naturel liquéfié (GNL) Previous post États-Unis : premiers exportateurs mondial de gaz naturel liquéfié (GNL)
économique mondiale Next post La croissance économique mondiale ralentira jusqu’en 2023