Gourdes pour 1 dollar EU
132.31 (0.03%)
vnt 132.91 (0.05%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25
Gourdes pour 1 dollar EU
132.31 (0.03%)
vnt 132.91 (0.05%)
vnt 133.75 ach 131.75
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 132.00
vnt 139.00 ach 137.00
vnt 134.00 ach 131.00
vnt 133.75 ach 131.25
vnt 133.75 ach 131.50
vnt 133.75 ach 131.25

Reouvèti fwontyè Kolonbi-Venezyela : Gustavo Petro vle nòmalize lyen ant de peyi yo

Yon fwontyè enpòtan nan Amerik di Sid relouvri lendi sa a aprè degrigolad relasyon ant peyi Kolonbi ak Venezyela. Nouvo prezidan goch Kolonbi a, Gustavo Petro, te rive nan pon entènasyonal Simon Bolivar, youn nan pasaj prensipal ki konekte 2 peyi yo, pou yon seremoni ofisyèl. Reouvèti fwontyè sa ta dwe ede tou de ekonomi yo pandan li pèmèt machin ki pote pasaje ak machandiz travèse pou premye fwa depi 2019.

Nouvo prezidan Kolonbyen an te pwomèt pou’l nòmalize lyen ant de peyi yo epi ranfòse rapò komèsyal yo. Lidè biznis yo espere reouvèti a pral pote komès nan rejyon an epi li pral pèmèt yo rekipere anviwon 120 000 djòb ki te pèdi depi relasyon ant de peyi yo deteryore.

Fwontyè a te fèmen lè prezidan Kolonbi nan epòk la, Iván Duque, te refize rekonèt Nicolás Maduro kòm prezidan Venezyela apre eleksyon konteste 2018 yo. Eleksyon nan mwa jen ki mennen Gustavo Petro nan tèt peyi Kolonbi amelyore relasyon diplomatik an 2 peyi yo avèk nominasyon nouvo anbasadè ak Vòl yo ki pral rekòmanse.

Daprè yon ofisyèl Kolonbyen, komès ant de peyi yo ka totalize plis pase 600 milyon dola ane sa a. Nap raple ke komès ant Kolonbi ak Venezyela te anviron 7 milya dola an 2008 anvan ansyen prezidan Hugo Chavez te friz komès yo pou pwoteste kont koperasyon militè ant Bogota ak Washington.

Ariel Henry - Michele Sison Previous post La politique de doublure de la bourgeoisie et de la Communauté internationale est suicidairement contre Haiti
croissance economique Next post Monde : Tous les indicateurs économiques vont dans la mauvaise direction